New Music
Joverlein Moïse ak Vanessa Désiré, Istwa Damou oubyen Senp Videyo ?
Sa gen kèk jou, rezo yo te pran dife ak nouvèl Vanessa Désiré epi Joverlein Moïse ki ta an koup. 14 fevriye a, yo devwale yon videyo ki rele « Lanmou se nou » ki sipoze foto sa yo fèt nan tounaj.
Plizyè videyo ak foto ki te sipoze se 2 moun ki renmen t ap sikile sou rezo yo epi eveye antouzyas fanatik yo. Te gen dout yon kote, mwens yon lòt kote men anpil pawòl t ap pale. Se petèt yon senp rapò pwofesyonèl ki te mennen 2 moun yo nan kole kole jan sa te parèt sou imaj yo.
Antouka, 2 atis yo akouche yon bèl zèv atistik. Yon mizik yo metrize epi yon videyo ki gen bèl imaj ak bèl koulè.
Èske sa sifi pou mete yon bout nan rimè yo ?
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login