Connect with us

News

I Am Strong, yon Nouvo EP pou Woolens Strong 

Published

on

Woolens Strong prezante « I Am Strong » nouvo EP li nan mwa fevriye 2026 la. Yon nouvo pwojè, yon nouvo pa pou rapè sa ki plen talan.

Sou EP sa, 8 mizik chita ap tann fanatik rap ayisyen an. Woolens Strong rete youn nan rapè ki kenbe idantite rap la, pratik rap lakay li raple sa ki te konn fèt nan kòmansman mouvman an.

Dutty, Tikawo, Bourik The Latalay, Winnie ak Stay-C se atis ki kolabore ak li sou nouvo pwojè sila. Rapè a wè EP sa tankou yon lòt etap, yon lòt pati nan lavi l. 

Pwojè sa disponib sou chanèl YouTube atis la ki envite tout moun al ranmase moso sa nan li menm li pataje.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW