News
Haitian Gospel Festival la Pral Konnen Dezyèm Edisyon l
Haitian Gospel Festival, yon festival k ap reyini divès atis nan sektè evanjelik la, sitou sa ki nan dyaspora a, ap fèt ane sa samdi k ap 18 avril la. Se pral dezyèm edisyon festival sa a.
Nan apredimi sa, anpil antite, atis, gwoup mizikal nan sektè a pral defile nan Bethel Baptist Church la, nan Miami Gardens, nan eta Florid la, apati de 6è nan aswè.
Pami atis ak gwoup sa yo nou ka site Frè Gabe, Revelation Mizik, New Generation Music ak anpil lòt. Pou animasyon, ap gen DJ Holy ak Minister Candy.
Atis ki soti Ayiti kou lòtbò dlo ap reponn prezan pou gran evennman sa Eazy Management Group ap òganize.
Achte Tikè w : https://rebrand.ly/haitiangospelfest
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login