MUSIC
FRIZZ leve defi a
FRIZZ se yon jèn djaz konpa trè enfliyan nan nòdwès peyi dAyiti, ki pral gen 3 lane egzistans. Depi yo parèt, se plezi ak lakontantman y ap mete nan kè moun tout kote, patikilyèman nan Nòdwès la ak vil ki viwonnen li yo. Samdi 29 novanm ki sot pase a, nan yon konferans pou laprès, ekip la pwofite fè yon sesyon ekout premye albòm yo ki batize anba tit “leve defi a”.
Pou yon djaz tankou Frizz, ki pran kè anpil ayisyen sitou moun Nòdwès, soti yon albòm nan yon ti tan konsa, s on gwo rekò. Yo derape ak yon gwoup jèn ki pa t gen twò gwo eksperyans tankou Sandito Métayer alyas El Santo ki se mayestwo epi gitaris djaz la, Freud Roly Charles alyas Cliff ki se chantè, Alexis Merzeus tanbourinè, enjenyè son an Chiler Metayer, batè Agenor Jean Gary alyas tchaw, gitaris la Emanuel Jean Baptiste alyas ti manno, Patrick Jean Louis alyas Thoucko kibòdis, Romain Jhonwesly Gongis epi Gracia Volny ki jwe gita bas.
Nan estaf administrasyon an genyen Osias Balmyr kòm manadjè epi atache près, Guary Louima ak Erns Duclos ki se MVP Wireless djaz la, k ap soutni nou ekonomikman ak moralman.
“Nou chwazi rele albòm lan leve DEFI a paske depi depa Sinik Mizik, Triomecs ak All Stars, Depatman Nòdwès la pa janm ka gen yon djaz serye. Pa janm gen yon djaz ki menm rive sòti yon album ni rive jwe nan nivo djaz sa yo t ap jwe lontan an, ni vwayaje al jwe nan lòt peyi nan lòt kominite yo. Puiske nou arive fè sa, sa ki te rete yon defi pou nou koulye a menm jan ak tout lòt gwoup nan nouvèl jenerasyon an se sòti yon albòm mizik. Jodi a, nou rive leve tout defi sa yo, men poukisa albòm nan rele leve DEFI a” sa se repons Mayestwo Frizz la El Santo.
Yon lòt bò, Mayestwo a rakonte kou ke fanatik yo estime djaz lan pa gen problèm jwe byen an, yo mande pou l pwodwi mizik pa li, pou l sispann jwe mizik lòt djaz. Gitaris la ajoute “Nou konsyan de sa, nou travay pou mete pwòp pwodwi pa nou sou mache an pou n pa nan entèprete mizik lòt gwoup sèlman”.
Nan albòm sila, fanatik mizik yo ap jwenn son pou fè zòrèy yo plezi, anpil bèl melodi, epi gen anpil mesaj anndan tèks yo pou moun k ap soufri nan relasyon santimantal, mesye yo pale de peyi a, de sosyete a epi gen de mizik nan plak la ki pote mesaj motivasyon. Moun ki renmen Konpa dirèk ap jwenn satisfaksyon e sila yo ki renmen konpa dous kou siwo yo ap jwenn tou. Albòm lan pa ekate l de lòt tandans mizikal yo tou tankou afro, n ap jwenn andan albòm sila tou.
Apre soti albòm lan, ekip lan anonse yo pwal travay de konsè avèk près la pou fè pwomosyon pou mizik yo. Pou produi a ka ekspoze sou mache an, pou konsomatè yo kapab konsome l. Yo fè n konnen yo deja pwal kòmanse ak seyans repetisyon yo pou djaz lan kapab byen delivre albòm nan sou sèn.
Mayestwo a konfye nou atant djaz la de fanatik yo ki se, kontinye ba yo sipò jan yo nou abitye fè l. Al achte albòm lan sou tout platfòm yo, kote li disponib yo. Lè djaz lan afiche, deplase an mas pou vin bay sipò nou.
Plak sila gen 11 mòso sou li. Li gen 3 envite youn nan yo se jenn chantè Zenglen an “Isimic” epi lòt 2 envite yo se “Princess Dinie” ak “Darlie”. Tit yo youn aprè lòt se : Ou mare m ; Lanmou maltrete m ; Peze m la ; Korije ; Mwen pe ; Ase ; Mwen prefere solo ; Is Matlòt ; Pran lari a ; Nou leve defi a ; Gad eta nou.
Al konsome albòm lan sou rezo streaming yo. Achte li. Voye lanmou pou Frizz pou travay sa y ap fè ann Ayiti patikilyèmanbnan depatman Nòdwès la.
You must be logged in to post a comment Login