News
Èske Lang Kreyòl la se yon Baryè pou Atis Ayisyen yo vre ?
Anpil moun toujou panse atis ayisyen yo dwe chante nan lang ki pa lang manman yo pou yo rive pran mache entènasyonal la. Èske yon atis ki chante sèlman an kreyòl pa ka rive entènasyonal ?
Se vre nan tout egzanp atis ayisyen ki rive byen lwen fontyè, nou pa gen youn ki te chante an kreyòl sèlman vre. La, n ap pale de atis oubyen gwoup ki rive plane sou lòt peyi, ki rive fè fanatik lwen lakay yo e menm tounen referans.
Men, èske pwoblèm nan se lang lan vre ? Oubyen, èske se pa mizik lan li menm ki deside franchi limit li vle ? Lòt bagay, pèsòn pa ka di gen yon fòmil pou swiv oubyen kèk kòd pou respekte pou rann karyè yon atis entènasyonal.
Kidonk, menm si okenn atis ayisyen ki chante an kreyòl sèlman poko pete tout baryè mizik entènasyonal la, sa rete yon bagay ki posib, jan lòt atis ki soti nan lòt epi ki chante nan lang ki mwens pale yo fè l.
Sa rete yon palye pou franchi, e tout moun ap ret tann kiyès k ap rive fè eksplwa sa nan mizik ayisyen an.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login