New Music
Darline Desca ap “DRIVE” nan Nouvo Videyo l la
Darline Desca te anonse nouvo direksyon ak nouvo pwodwi pou ane 2026 la. Chantèz la respekte mo l lè l lage premye videyo li pou ane a ki pote tit « Drive », 12 fevriye a.
Se yon mizik ki chante totalman nan lang Shakespeare a, se petèt youn nan aspè nan gwo chanjman sa atis la ap opere pwogresivman nan karyè li.
« Drive » se yon mizik ki melanje nanm mizik ayisyen, rit karibeyen yo ak enèji pòp la. Se yon envitasyon nan yon mond lanmou epi evazyon san okenn laperèz.
Se Camy Bruny ki reyalize videyo sa. Mizik la disponib sou tout platfòm streaming yo.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login