Connect with us

MUSIC

Charlin Bato – Pye sou kou, ant ekspresyon gede ak pratik mazochis !

Published

on

Nan mwa me 2025 lan, Charlin Bato soti premye albòm li ki pote tit “Toro Rodeo”. Albòm sila genyen 11 mòso sou li. Pami yo nou jwenn “Toro rodeo”, “Yon fwa”, “bouzen”, “pye sou kou”, “dènye chwa”, “Maji”, “posib”. Sou plak la, selon tandans pawolye a enskri demach kreyasyon li an, nou rive idantifye “pye sou kou” kòm yon mizik ki pote 2 mak sou li, gede ak mazochis. Mizik sila pote mak yon pleziyis san limit. Se tankou, pawolye a pa chwazi fè zòrèy nou pitye. Li di egzateman sa li te anvi degaje kòm lanvi nan mizik lan. Chwa mo yo klase nan chan leksikal fè bagay. Nan entansyon mizik la, ou santi pawolye a ap di entèlokitè li a, objektif li se fè li pè fè bagay. Konsa, pou li atenn objektif sa a, l ap ba l bon kou, l ap mete pye l sou kou li, ba li gwo tap, rale li ak fòs…

“M anvi tande kri w sèlman / M anvi manje w nan salon / Met pye sou kou w bae pou w ka sonje m”, pasaj sa yo fè nou wè kijan atis la mete nou nan kondisyon pou n idantifye l nan yon premye tan kòm yon chantè gede epi nan yon lot tan kom yon pratikan mazochis. Sètadi, ant ekspresyon lib ak abitid mazochis, gen anpil bagay ki parèt devan nou epi ki ede n pèse fen fon panse atis la atravè mizik la.

Nan kilti vodou an, Gede se yon lwa ki gen de patikilarite pwòp ak li menm. Soti nan tip de manje li manje, koulè abiman, fason pale ak pratik dans. Nan tout sa nou di yo, langaj gede a se youn nan eleman ki trè remakab. Sila ki travay sou vodou esplike lwa gede kòm yon fòm lomeyans pou lavi. Gede yo souvan pote yon bwa nan men yo ki senbolize sa nou kòk epi nan dans yo, yo gouye anpil. Pou sa ki gen ak wè ak mazochis, nan filozofi yo esplike konsèp sa pou moun ki pran plezi oswa jwi nan doulè.

Inema Jeudi, yon powèt ki pibliye liv an kreyòl te soti yon rekèy anba tit “Gouyad Legede” epi nan ti echanj mwen ak li sou chwa tit la, li te fè m konnen ke liv li a s on ekspresyon gratitid pou lavi. Powèt la te di mwen, chak krityen vivan ta dwe genyen rekonesans pou gouyad. Andeyò de tout zuzu ak posti siperyè nou ka genyen sou lavi, li nesesè pou nou chak sonje si nou egziste, se gras ak yon gouyad. Li te fini pa poze kesyon sa a : Kilès nèg ki ka oze gwòs yon fanm nan fè bagay san l pa gouye?

Nou tout ap dakò mizik “pye sou kou” a pa ka jwe nenpòt kote men sa pa retire anyen nan itilite li. Chak espas nou trouve nou, gen mizik nou anvi tande pou estimile byennèt nou. Atis la rive brave tout tabou ki genyen nan fè bagay, pou li kreye yon referans mizikal pou pleziyis seksyèl.  Ant gedevi ak mazochis, atis la sanse ap balanse tou debò. Pandan li ap anplwaye langaj gwosye, li ap moutre fewosite li. “Ou di w pa t pè m, koulya gad eta w bebe / M pwal ba w tap, m pwal fè w kriye mayday / Yon sèl kou p ap sifi pou mwen ta fè w pè konyen” ; “Souvan, yo di m fè mal tankou satan / Mwen p ap kanpe san w pa di m padon”.

Mizik sa, s on kreyasyon Gede-Mazo. N ap raple w Charlin Bato pa inik atis ayisyen ki oze chante nan rejis sa a. Atis Roody Roodboy fè l nan plizyè mòso tankou tranble ak karese m la, Darline Desca fè l nan Pik Makaya epi Wendyyy fè sa nan plizyè mòso men nou kenbe kolaborasyon li ak Rutshelle la “All on me”. Aprè tou, gen yon kesyon ki lesansyèl pou n poze tnakou :  Kiyès ki sib prensipal atis yo lè y ap anrejistre mizik sa yo ? Eske atis yo pase mizik sa yo lakay yo devan pitit yo oswa danse l ak fanmi yo? Eske rezo distribisyon yo gen kontwòl sou laj moun ki ap konsome mizik sa yo plis? ki enpak negatif sa ka koze sou timoun ki poko gen laj pou viv eksperyans sa yo?

Alafen, malgre tout kesyon ou ta ka poze. Nou ka dakò ansanm, lè nou nan chanm nou ak moun nou, anpil nan nou pa toujou moun. Nou transfòme an tout bèt “bourik, bèf, kabrit (bouk)…”. E se nan nivo sa a atis la enskri demach kreyasyon li an menm jan ak plizyè lòt atis nan milye a tankou : Roody Roodboy nan “Tranble” ak “Karese m la” ; Darline Desca nan “Pik Makaya” ; Wendyyy feat Rutshelle nan “all on me”.

 

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW