News
C’est Dommage : Daan Junior Tounen ak yon 7e Albòm Pou Make 20 Lane Karyè L
C’est Dommage : Daan Junior Tounen ak yon 7e Albòm Pou Make 20 Lane Karyè L
Pou selebre 20 lane li nan mizik, chantè Daan Junior retounen ak yon nouvo album ki pote tit « C’est dommage ». Yon 7e pwojè ki prezante tankou yon omaj ak pwòp vwayaj li ant lanmou, batay ak rezilyans.
Atis la, yon vwa ki make plizyè jenerasyon nan espas mizik afro-karayib la, vle fè albòm sa a tounen yon ofrann pèsonèl. « Se yon istwa fanmi », li ekri nan nòt prezantasyon an, yon istwa makonnen ak laverite, doulè, men sitou ak limanite.
Daan Junior se yon moun pa bezwen prezante ankò. Li travèse ane yo ak anpil mizik ki vin klasik. Mizik tankou « Avè w » rive travèse tan an menm lòt atis reprann li nan repètwa yo. Li enpoze l kòm youn nan vwa ki make jenerasyon li, gras ak sansiblite li epi vwa li ki fè menm kè ki pi di yo tranble.
Kòm yon pwodiktè, li sipòte lòt atis. Fabiola Shyne se youn nan yo, kote yo bati yon konplisite mizikal pandan plizyè ane. Se li ki pwodui premye albòm chantèz la « Mwen love », ki te soti an 2012. Nan lane 2023, yo remete ansanm pou fè « Viv lanmou », ki vin ogmante lis kolaborasyon yo.
Avèk « C’est dommage », Daan Junior ofri plis ke yon albòm. Li yon nouvo chapit nan yon karyè ki deja rich, men ki poko prèt fini. 20 lane sou sèn, ak istwa chante, ak emosyon pataje, sa te merite yon albòm kòm selebrasyon.
Jephte Estiverne
Konpaevents
You must be logged in to post a comment Login