Connect with us

MUSIC

Carlo Vieux retounen ak yon albòm

Published

on

Carlo Vieux apre l te fin pibliye “retounen” jou 24 oktòb 2025 lan, siprann fanatik mizik yo ak yon veritab retou sou sèn mizikal la. Konkrètman, atis la soti albòm li 21 novanm ki sot pase la. Sou rezo atis la nou kenbe ti fraz sa “13 tit, 13 istwa”. By Carlo Vieux se tit albòm lan pote.

Sou plak la, nou rankontre ak 8 envite, n ap site : Shabba, Dj Starkz, Paska, Marvin, Josey, 5 Lan, Lymnsha epi J Perry.

Egzateman, chak mizik yo rakonte pwòp istwa yo men tematik yo pataje ant chagren lanmou, regrè, rekonesans, plezi chanèl, jwisans ak konfyans pèsonèl.

Chak mizik yo gen koulè ak engredyan espesyal ki fèmante yo. Men gen kèk mòso ki pa pa siprann ou lè w rive sou yo tankou : Retounen, Siwo feat Paska, On continue feat Josey, Sexy Lady feat J Perry, Banm Carlo feat Shabba & DJ Starkz (konpa dirèk rèd), Premye swa, i’m a freak feat 5 lan…

Al enjoy albòm lan sou tout rezo streaming yo. Gen pou vole, gen pou sikre, gen pou w voye bay boubout ou epi genyen pou w fè bal prive w lakay ou.

Endistri Mizik la anfòm. Atis yo anfòm. Mwen swete fanatik yo anfòm ase pou resepsyon sa yo ak tout lòt bèl travay ki gen pou vini.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW