Connect with us

MUSIC

Carlo Vieux retounen ?

Published

on

Retounen se tit dènye mizik kolaboratè Carimi an soti jou 24 oktòb ki sot pase la. Nan deskripsyon pòs Youtube la, nou li :”Yon chante ki rakonte istwa yon retou, yon nouvo kòmansman plen lespwa ak verite”.

Nou tout ka sonje kijan separasyon Carlo ki sanse reprezante tèt mo Carimi an (CArlo – RIchard – MIchael) te boulvèsan nan endistri mizikal ayisyen an nan lane 2016. Anpil rimè t ap kouri nan lari a sou separasyon mesye yo. San nou pa repete kèk koze ki te fè rimè, nou tout ka konstate, mesye yo pa t janm rantre nan laprès pou al denonse youn lòt. Respè ak lanmou sa a te penmèt yo remoute sèn ansanm an 2022 nan lakou Paris nan Acor Arena (nou konn listwa a deja).

Bèl gwoup sila ki te pran nesans nan lane 2001 rete yon mèvèy nan lespri tout moun ki renmen mizik. Pandan Richard ak Michael te kontinye ap frape, Carlo li menm te avwe, li pap moute sèn paske li pa wè mizik la san Carimi. Bon, ann tounen sou mizik Carlo a.

Carlo nan mizik li a “retounen”, deside soti nan silans san li pou refite kèk pwopo yo te konn di pou separasyon li ak gwoup la epi sou silans li. “Malgre tout jan yo chèche banm tò / Jodi a mwen tounen nan vi w ankò / Depi se ou m p ap janm gen remò / Lanmou m pou ou pi fò”

“Yo rakonte
Yo di m trayi
Kreye konfli
Kraze fanmi
Yo rakonte
Men koulye a
Tout se manti

Apre tout ane sa yo fin pase
M pat ka tann jou sa rive
Pou m rejwenn avè w
tounen avè w”

Si w panse Carlo ap mande yon fanm tounen nan mizik sa a, se nòmal. Literalman se sa w tande. Men, ak yon lòt zòrèy, ou ta konprann se tankou atis la k ap di lòt mesye Carimi yo :”mesye, yo bay anpil tripotay sou mwen. M petèt te fè silans. M pa ka tann pou nou relanse ansanm gwo patrimwàn sila nou t ap konstrui a”.

“Ou mèt bliye tout sa yo rakonte / Koulye a se sa k konte, pou mwen rejwenn avè w”

Apre pawòl sila a, nan videyo n ap gade a, nou wè foto Carlo ak mesye Carimi yo. Yon lòt astis ki afime sa nou panse a.

Nan yon atik ki soti 15 septanm 2025 sou Chokarella, yo repòte yon mesaj Carlo te poste nan estati enstagram li kote li di Carimi ba li listwa, fanmi ak lanmou. Nan menm atik la, redaktè a revele Carlo souvam poste sou rezo yo swa kote li nan estidyo ak Power Surge oswa an kolaborasyon ak Shassy. Eske sa vle di s on gran retou sou mache a?

Antoulèka, nou swete atis la bon retou nan mizik la, tout fwa, piblik la enpasyan pou konnen si Carimi ap tounen nèt sou ansyen fòma a, oswa si chak tèt yo ap kontinye mennen konba yo apa epi pou ofri yon reyinyon chak fwa sa posib.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW