MUSIC
Ann al fè yon bèl “vwayaj” nan zile mizik Anie Alerte la
Aprè yon bèl entwo powetik, kote chak mo yo pote remontrans yo sou tèt ak de bra balan, nou dekouvri yon zile mizik nan yon vwayaj fètefouni. Pou yon kè imen k ap di ase, vwayaj, kise dènye albòm Anie Alerte ofri nou an vo plis pase yon lamàn. N ap al fè yon ti kout pye ansanm sou 12 mòso mizik yo, soti nan “Leave me alone” pou rive nan “Pou anbasadè yo”. Fòk mwen di nou byen, depi sou mòso sa ki anonse albòm lan, nou kapab wè byen, nou annafè ak yon albòm ki konfime matirite Anie Alerte ni nan tenb vokal, chwa tematik ak oryantasyon ekspresyon fen fon tèks yo.
Gen kèk jou mwen pa t la pou founi je gade endistri a, ant sa k ap soti ak sa k ap touche sansiblite m. Jodi a, nou pwal wè ansanm sa ki genyen nan zile a pou nou savoure epi pou nou boude tou si nesesè. Pou sila ki apenn ap li mwen, m ap raple nou, pou respè degre apresyasyon chak moun sou chak mizik, m ap toujou pale an premyè pèsòn chak pou m avanse yon lide sibjektif (opinyon oswa konsta). Pou sa ki gen pou wè ak pwosede konstriksyon tèks yo, mwen toujou refere m ak nòm estanda kreyasyon yo sitou nan nivo langaj powetik, amonizasyon pawòl ak son epi pètinans konpozisyon yo.
Si otrefwa Anie t ap kriye pou mal li sibi, apre kè li fin pouri sou pye, jodi a, li itilize yon vwa fèm pou li di « Just leave me alone ». Odinèman, sosyete nou an konprann yon moun ki pa pè pou li rete pou kò li, kòm yon yon moun k ap toujou gen moun dèyè li oswa ki entèrese ak li jis paske li pa dezespere.
Aprèsa, pandan vwayaj la, nou tonbe sou « Pa enkyete w », yon mizik pou bay patnè nou asirans. Yon senbòl soumisyon plen ak lanmou. Yon lo gratitid melanje ak pwomès pou letènite. Mizik sa s on boul selo, sa woule swa tankou senti Shakira. “Difisil” se yon pòt vwa plenyadò pou kè brize. Mizik sa se referans pou moun k ap cheche plenyen achte gratis. Mwen pa vle bliye di nou, jan mizik sa mache, ou ka panse se Harmonik. Touch yo, estil son an…anfen. Twazyèman, nou jwenn « Dènye premye » nan yon featuring ak Toby Anbake, Zile lanse yon deba ki fèt deja ak plizyè atis kòm Baky, Roody Roodboy ak Zafèm respektivman nan mòso tankou Zanj, douspou dous epi Abracadabra. Nan yon dimansyon pou sakralize oswa deyifye patnè nou yo, atis yo pa janm sispann poze kesyon sa sou divès fason. Men, atansyon kliche souple ! N a gentan pale sa nan yon lòt atik. Pou Zile, Gen 2 kesyon w kapab poze pou w di yon moun li se yon zanj : « Di mwen sa k kreye w ? / a ki paradi sanble ?». Epi gen ti pasaj sa yo nan refren an kip a kite nou vag tou : « W an dènye nan kè m / nan vi m ou premye ». Mwen p ap kache di nou, lè m tande pale de atis sa a, nan lespri m, se estil mizik konsa ki vini nan tèt mwen avan. Brèf, kite konpa mache ! Toby depoze ak tak epi bon sans, mòso a reyisi pou mwen.
“Lavi”, s on mizik ki louvri yon pòt sou vi anpil moun k ap reziste ak lavi. Mizik sa g on chema powetik ladan l ki akse sou yon bèl chan leksikal ki akse sou tan ak kòsmòs, vini jwenn plizyè pwovèb kreyòl kòm diplis pou motive lèzòt. Chak mizik yo pote filing pa yo. “Damou ankò” feat Anthony Drew pa ba nou chans pou pale li mal. Baz mizik la siwèl, li dous. Si w pataje mizik sila ak moun ou, tansyon lanmou an ta dwe moute dènye nivo sou kòd gita a. Apresa gen « Jistis » ki se plent tout fanm ki kondane nan relasyon kote y ap maltrete yo. Revandikasyon sila jwenn konplisite Misty Jean. « Libere » pou mwen se yon pouswit mizik ki te avan an kote atis la ap kite demach mande jistis la pou antre nan yon demach entwospektiv sou rezon ki fè li toujou ap viv ak yon zago loray. Mizik « Trayizon » an tou, konplemante ak de mizik sa yo pou anchennen yon demach entètekstyèl pou eksprime yon menm sitiyasyon. « Nostalji », se pi gwo mizik Anie chante sou albòm lan. Eskize m si nou pa wè l konsa tou men se yon opinyon pèsonèl. Atansyon ! Se pa paske s on mizik blouz djaz ki fè mwen wè li konsa men se efò ak pwofesyonalis sa mande pou yon atis pwodui nan yon chan li pa abitye. Anie lage mwen nan mond Nina Simone, Emeline Michel, Ray Charles, Sarah Vaughan, Ella Fritzgerald ak anpil lòt bèl vwa. Enstrimantis yo asire reyisit mizik lan. Sinon, mwen anvi mande mayestro Zile a, konbyen mwen ta dwe bay pou m jwenn yon ti kuiv sou mizik sila a ?
Gen lontan atis yo ap chante pou fè kè manman yo kontan. Pami atis ki chante pou pitit yo, nou gen nan memwa nou « Jean Gardy Lubin » ki chante « Pitit fi m ». Anie pwopoze nou « Manman ». Yon pwopozisyon mwen estime k ap fè anpil manman plezi. Manman ki fyè paske yo bay lavi. Li lojik, Anie konprann se pa pitit yo sèlman ki dwe fyè paske yon gen paran men paran yo tou bezwen eksprime fyète yo pou piti yo.
Nan finisman an, Anie remèsye tout anbasadè mouvman li an « Zile ». Anie rekonfime matirite li nan tèks sila. Li depase tout ego li, li donte tout lògèy ki ta ka sele li pou remèsye tout moun ki te la, sa ki te bon pou li ak sa ki te mal pou li. Mizik sila se toujou yon pwopozisyon ekstrawòdinè. Ou ta di se yon gospèl black ameriken.
Mwen di Anie mèsi pou kouraj li. Pou chwa sa li asime pou fè mizik pou Ayisyen an gran kantite konsome. Nan dènye lane sa yo, gen atis ki ofri nenpòt sa yo jwenn konsa tou, genyen ki kontinye ap fè jefò pou ofri mizik ki kapab touche kè ak nanm. Nan menm chan sa a, nou apresye jefò tout lòt fanm nan sektè sa a ki kontinye goumen pou menm konba sa. Kenbe djanm, pa moli!
You must be logged in to post a comment Login