News
Anie Alerte lanse Zile boutik : yon modèl biznis inovan pou pwomote pwodiksyon nasyonal yo
Jou samdi ki te 13 septanm lan, nan North Miami, Anie Alerte lanse Zile boutik. Yon bèl lide antrepriz ki non sèlman kapab kreye gwo enpak pozitif sou aktè nasyonal yo, men tou, sou rekoneksyon Ayisyen nan peyi Etazini ak kilti lakay yo (manje, rad, tablo, atizana ak elatriye).
Nan mikwo Gregory Jean Phillippe, Anie konfime li gen plis pase 700 kiltivatè k ap travay ak li paske rèv la se rive vann an gwo, sètadi, menm si w bezwen 100 sak diri, ou dwe kapab jwenn li. Aprèsa, atis la fè pwomès avan desanm 2025, li ap mete Zile boutik Okap, Wanament e li menm konte mete Pòtoprens.
Nan jounen lansman an, plizyè ayisyen te manifeste prezans yo pou sipòte Anie Alerte. Nou te remake prezans atis Shabba tou ak kèk lòt pèsonalite medyatik. Plizyè pèsonalite pami yo Pipo Saint-Louis fè videyo pou felisite chimen sa a atis la pran an.
N ap raple w, Anie Alerte fè pati atis fanm ki trè enfliyan nan sektè mizikal la ann Ayiti. Li soti albòm li anba tit “Vwayaj” nan kòmansman mwa jen 2025 lan. Atis Anie Alerte se yon atis ki angaje nan nanm, si nou sonje enplikasyon li nan mouvman KPK (Kanal yo pap Kanpe).
You must be logged in to post a comment Login