MUSIC
Melly Sings di nou men li ak premye albòm li “MELLY”
Nan fen mwa janvye 2026 la, Melissa D. Raphael ki gen non atis li Melly soti premye albòm solo li ki genyen douz (12) mizik ladan l. Mizik yo pataje tèm lanmou yon bò plezi epi yon lòt bò soufrans. Ou ta di s on tablo reyalite lavi atis la depoze nan plak la pou prezante nou eksperyans lavi pa li oswa pa lòt moun. Albòm sa a ki pote non mèt li “MELLY”, reprezante tou yon demonstrasyon talan atistik, ant vwa ak pawòl, santiman ak anbyans, gen mizik ou pa ka sote ditou konsa genyen ou oblije pase plizyè fwa si tèlman yo kaptivan.
Ann vizite chak grenn mizik sou albòm lan epi konprann ansanm pwopozisyon Melly a.
1-Premyè mòso a, se entwo albòm lan.
2- “Melly”, yon bèl bout konpa byen madre pou tout fanatik yo. Anpil bèl kase, bèl touch kibòd epi patèn lan byen chita. Mizik sa gen plas li pami anpil lòt mizik konpa dirèk.
3- “Pran men w” se yon mòso enteresan. Òdinèman, lè yon fanm di w pran men w, ou s on moun chanse. Genyen, se annik y ap detache sou ou, ou pa menm rann ou kont. Chak fwa yon fanm plenyen, kwè m, ou g on lanmou tout bon k ap peri nan men w. Pran men w. “Lè m di w m pa byen sa pa gade w / menm si m ta mal sa pa mele w” ; “Baby se marye n marye, se pa jwe n ap jwe, jiskilè w ap pran mwen oserye”. Nan mizik sa a, si yon moun vle, ou ka retire vwa Melly mete vwa Bedjine. Pa gen twò gwo diferans sou tonalite yo, tenb vwa ak estil mizik yo. Sa m remmen nan mizik sa a, se lè l ap fini entansite plezi a moute plis. Pwobableman se yon chwa atistik pou mete gita a alafen, pou evite solo a gache ekspresyon mizik la. Sa se sa mwen panse konsa.
4- Ak “Rèd interlude”, atis la f on bèl vèsyon an senfoni pou non sèlman vann nou talan atistik li men tou imansite konpozisyon “Rèd” nou pwal jwenn nan 5èm mòso a.
5- “Rèd”. Nan mizik sa, Melly Sings itilize mo rèd la pou jwe ak langaj la. Nan langaj ayisyen, nou konn itilize plizyè lòt mo pou eksprime egzjerasyon nan sa nou vle di a. Tankou nou te ka di “cheri ou rèd” la vle di ” ou anfòm oswa ou byen kanpe… malerezman, nan mizik sa a, atis la fè yon itilizasyon entelijan ak mo rèd la. “Cheri ou rèd, ou rèd, gad kijan bagay la rèd oh, li banm filing”. Apre pasaj sa yo, atis la pi devan ajoute “cheri, men madanm ou, fè sa w vle”. Lè sa tout bon, nou klè sou konpreyansyon nou, se pa afè bote k ap pale vrèman men pito, g on ereksyon anraje ki bay atis la yon plezi wonnpòte. Se vrèman yon pwosede senp epi opak pou pale de seksyalite san nou pa parèt twò vilgè.
6- “Confused” eksprime kri yon fanm k ap benyen nan yon basen konfizyon anndan yon relasyon toksik. “Baby se ou ki fè m confused / Ou di w renmen m men w pa ka pwouve l / Ou fè m confused”. Soti nan pawòl pou rive nan aksyon, relasyon santimantal atis la ap chèche a, li bezwen plis sekirite ak konfyans, mwens jalouzi pou fyèl li pa pete.
7- “Zen”, mizik pou mesyedam ki renmen fè zen, pete deblozay nan piblik. Gen kretyen vivan ki pa ka pase yon ti moman nan relasyon yo san zen. Fanm lan ap soufri, li bezwen ti tap, li pa mande kout bouch. Nan sosyete patriyaka a, yo di li rèd anpil wi lè w tande yon gason sou fè zen.
“Ou mache pale m mal avèk tout zanmi w yo / Nenpòt diskisyon n genyen ou fè l tounen yon gwo lo” ;
“Se zen w ap chèche / m p ap okipe w non / ou toujou sou fache / tout tan w ap bouskile mwen”.
Se yon trè bèl konpozisyon nan tout dimansyon li. Melanj yo byen fèt. Mwen panse gen bagay
8- nan mizik “Bri”, atis la featuring ak Steeve J Bryan. Se toujou menm Steeve nou abitye jwenn nan lòt kolaborasyon yo. Yon badbòy. Yon bredjenn. Yon sadik seksyèlman. Nan mizik sa a, tout moun sou fè bri. Steeve chante :”Cheri kijan w fè dous konsa / Ou g on jan w rete w fè m pran lwa”. Melly Sings ajoute : “N ap f on sèl la baby / M pa vle w pela baby”.
9- “Let me” feat Gabel. Yon trè bèl mòso nou jwenn deja sou albòm Gabel la. Ta sanvke dwa yo pataje konjwentman sou mòso sa a. Mizik sa gen vrèman yon ekspozisyon vokal ekstrawòdinè pou moun vin tande bò kote tou 2 atis yo ki chante sou li a (Flav ak Melly).
“Eske w ap kite m antre nan pati kache a” / “M anvi f on ti bo, fè yon ti dodo, m anvi monte wo”.
10- “Ploge” feat Pleasure P. “Hey girl can we just ploge / Cheri an nou danse ploge”. Mizik sa byenvini pou moun ki tizè Kamasoutra. Moun k ap fete ak zanmi nan klèb lannuit, sou plaj, elatriye. Mizik la reyisi san pou san nan demach yo pwopoze li a. Konpa a toujou rete yon medyòm anndan konpozisyon sa yo tankou anpil lòt mizik party nou tande deja (rap, afro, ridim…).
11- “Pa retire l”, s on mòso ki te soti depi nan lane 2024. Atis la rekondui li nan albòm lan. Lè w tande pa retire l, ou ka panse se de lòt bagay y ap pale. Ebyen sa ladan l tou.
Atis la di pa retire konfyans ou nan mwen. Yon lòt kote li di : “Se pa dat m ap tann yon bagay gou konsa / Ou lib pou w fè sa w vle / With every inch of your soul babe / fè sa ou vle i don’t mind / n ap fè l well done kite l anndanm / Pa retire l”.
Eske koulye a, ou vrèman konprann ki mo konfyans ranplase nan chema konspetyèl mizik la ?
12- “Mèsi” kòmanse tankou yon mizik gospel. Melanj pawòl, son ak rit, fè w santi yon emosyon fò. Moun tankou m ki renmen emosyon fòt apreseye ti pasaj sa yo anpil. Sa fèm sonje Ou leve m ak Elie Lapointe, Mèsi ak Harmonik, Ou se ak Gazman Couleur. Melly chante “Mèsi, se tout sa m jwenn pou m di”. Yon mizik gratitid ak santiman konsyan sou chanjman ki rive nan lavi li pa rapò ak patnè li. Si nou vle kwè l, kwè l, se pa Bondje ak lajan sèlman ki chanje moun, lanmou konn fè ti mirak pa yo tou.
Chak jou ki jou, medam yo pa sispann pran plas yo nan biznis mizik la epi pwouve nou kapasite yo pou kenbe konpa a vivan nan endistri a. Melly fè pati pa li a. Nou envite w fè pati pa w la. Al konsome albòm lan sou tout rezo streaming yo epi soti ak pwòp apresyasyon pa w sou konpozisyon yo.
You must be logged in to post a comment Login