News
Carlo Vieux Revele ki Dènye Pawòl li te di Mikaben avan l Mouri
Carlo Vieux te fè yon pase nan Tout Verite pou yon dyalòg avèk James Pierre. Nan chita pale sa, chantè a revele dènye pawòl li te di Mikaben avan lanmò atis la.
Nan « backstage » avan y al jwe nan Zenith Pari a, 15 oktòb 2022, Carlo ak Mika t ap bay blag. Mika mande Carlo : « Kibò pwochen konsè Carimi a ? » Carlo te reponn : « Ou p ap nan pwochen konsè Carimi an, m p ap envite w ».
4 èdtan aprè, Mikaben tonbe 2 pye long sou sèn Zenith la epi l tou pa leve. Carlo Vieux pa kache jan sa te choke pou pawòl ki te soti nan bouch li kèk tan avan sa, malgre se an blag li t ap di l.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login