Connect with us

News

Louimane Absolu “ Mamane “ Demisyone Kòm Mayestro Djakout #1

Published

on

Nan yon lèt li voye bay manm gwoup la 4 fevriye 2026 la, Louimane Absolu tout moun konnen sou non Mamane, anonse demisyon l nan wòl maestro gwoup Djakout #1. 

Se yon desizyon li pran nan tèt poze, pou l mete nan bout nan yon peryòd enpòtan nan karyè li. L espere sa ap pèmèt li relanse tèt li kòm mizisyen pandan l rete konsyan de wòl li kòm kopwopriyetè fòmasyon mizikal sa.

Pandan l ap vire paj sa, Mamane pran tan pou l remèsye medya pwofesyonèl, patnè gwoup la ak fanatik yo pou tout sipò yo te ba li. Se te pou li yon sous motivasyon ak fyète.

Li kite gwoup la, selon sa l di, ak respè, rekonesans epi yon santiman li kontribye nan evolisyon istwa gwoup la. Maestro a anonse li rete disponib pou l fasilite tranzisyon an. 

Li swete moun k ap jere gwoup la konble absans sa pi vit posib, pou sa pa nwi fonksyònman gwoup la. 

Mamane, mizisyen, maestro epi manm fondatè gwoup la, t ap kolabore avèk Djakout #1 depi 2010. 

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW