News
Paska Pral Konnen yon lòt Kolaborasyon Entènasyonal Gras ak Your Body
Paska Pral Konnen yon lòt Kolaborasyon Entènasyonal Gras ak Your Body
Paska anonse yon nouvo tit gen pou soti avèk Kodong, yon atis kenyan. Mizik sa ki titre « Your body » ap wè jou 6 fevriye k ap vini la a.
Chante sa pral ajoute sou kolaborasyon entènasyonal Paska fè nan karyè li deja. Pou fwa sa, se ap yon melanj ant konpa ak gengetone, daprè sa atis la fè konnen sou rezo li yo.
Nan atis entènasyonal li chante avèk yo deja nou ka site Lorenz, chantè antiyè nou te jwenn sou « Chalè » oubyen pou pi resan, n ap site, Taija ki te soti « Lontan » avèk Paska nan lane 2025 lan.
Paska ki gen orijin afriken bò kote manman l, te fè yon kout pye nan peyi Kenya nan fen ane pase a pou yon toune mizikal ki te ladan l tou sesyon estidyo avèk plizyè lòt vizit. Se petèt la kolaborasyon sa pran nesans.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login