Connect with us

New Music

“ Depòte “ Yon Mizik Toby Anbakè Soti pou Dekri Mizè yon Imigran

Published

on

“ Depòte “ Yon Mizik Toby Anbakè Soti pou Dekri Mizè yon Imigran 

26 janvye 2026 la, Toby Anbakè lage yon nouvo mizik ak tout videyo ki titre « Depòte ». Ladan li, rapè a rakonte lavi yon moun ki soti Ayiti pou rive nan peyi Tonton Sam, yon lavi ki simaye ak doulè epi ki konnen yon viraj trajik.

Pandan l antre Etazini vin viv ak madanm li, imigran sila a viktim twonpri, kou ak blesi, men madanm nan fè tèt li pase pou viktim jouk li rive fè yo pran sitwayen an epi ICE depòte l. Yon mizik ki pote bèl leson, ki montre talan atis sa genyen nan sa ki gen pou wè ak « story telling ».

Se yon mizik ki gen enpòtans li nan yon kontèks kote sa pa pi bon pou imigran yo nan peyi Etazini, Toby li menm fè pati de kategori sa. Nan rakonte istwa sa, ki kapab yon vrè istwa, li rakonte estrès ak presyon anpil imigran ayisyen ap sibi lwen lakay yo.

Rapè a rapwoche l pi plis de esans yon bon zèv atistik, sitou sila yo rap la kale. Se fè zèv la patisipe nan diskisyon sosyal yo, denonse, lonje dwèt sou sa k merite chanje, dekri doulè ki pa gen okenn rezon pou yo la.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW