New Music
Gwog Mwen : Yon Mizik tou Nèf Pou Gwoup Khash
Gwoup Khash fè piblik li kado yon nouvo mizik ki pote non « Gwog mwen », nan dat 21 janvye 2026 la. Se yon fason pou gwoup la kontinye trase wout li kòmanse a.
Mizik sa ki chante nan yon konpa modèn pote pawòl ki fè wè jan moun ou renmen ou ka tafya prefere w. Jan lanmou ak tout sa l pote dèyè l kapab yon ivrès ki fè w santi w byen, anvayi lavi w ak bonè.
Khash se yon fòmasyon mizikal ki chita kò l nan New York, se yon ekip jèn mizisyen k ap pote pwojè sa jouk nan syèl. Yo soti plizyè pwojè deja ladan yo yon albòm « The Intro » ki wè limyè jou a nan lane 2022.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login