Connect with us

News

5 Milyon Ekout : Ti Manmi, Yon Gwo Siksè Sou Youtube Pou L-Won

Published

on

5 Milyon Ekout : Ti Manmi, yon gwo siksè sou Youtube pou L-Won

Ti Manmi, youn nan mizik ki prezan sou albòm Welcome atis L-Won mete deyò 19 oktòb 2025 lan, franchi etap 5 milyon ekout sou YouTube. Se yon avanse espesyal pou atis la.

Welcome, premye albòm L-Won, soti nan mwa oktòb la. Yon albòm kote plizyè rit makonnen, plizyè stil mizik bobo. Atis la, pandan l ap chante lanmou, rive plase kèk tèks li metrize.

Ti Manmi se yon deklarasyon lanmou, yon mizik kote L-Won depoze kè l nan pye moun yon li renmen. Li di li deja pare pou l ale kote moun nan vle.

Mizik « Welcome » yo prezante sou YouTube sou fòm « visualizer », yon fòma ki pran galon dènye ane sa yo. Se nan fòma sa, admiratè yo rive gade « Ti Manmi » pandan plis pase 5 milyon fwa sou platfòm mondyal sa.

Sou rezo l yo, atis la remèsye fanatik li yo paske yo ede l franchi palye sa ki vle di anpil pou li.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW