Connect with us

MUSIC

Baky pwopoze Kaïa, yon albòm pou nou eksplore

Published

on

Aprè yon atant byen long, Baptiste Lugendy St-Hubert ki gen non atis li Baky, pwopoze nou, vandredi 12 septanm 2025 lan, yon nouvo albòm ki pote non youn nan pitit li yo, Kaïa. Menm jan ak Carel Pedre, n ap dakò, atis la fè n yon pwopozisyon ra ak yon libète wonnpòte. Albòm lan rich ak divèsite epi kreyasyon. Jan nou toujou di l, djòb atis la se pou siprann moun. Kreye etònman epi penmèt nou envante listwa pa nou ak sa nou resevwa yo. Pa gen dout sou sa, albòm sa se yon siy respè pou tout konsomatè mizik.

Deja, nan mwa dawou a, atis la te penmèt nou viv “Invicible” an videyoklip, youn nan mòso sou albòm lan ki te anonse koulè. Nou pran tan nou pakouri albòm sila ki genyen 7 tit. Mizik yo sibi enfliyans Music World ak yon gwo panchan pou afro. Tèm ki prezante yo akse sou lanmou patènèl, pozitivite, konfyans, degou / brizay, asirans, reyisit ak konfò.

N ap al tante kòmante youn aprè lòt mizik yo sou albòm lan pou ede w resevwa yo ak plis senplisite.

Twin : Yon konpozisyon ki byen òkestre ant gospèl ak RNB. Twin se sinonim pataj lanmou ant papa ak pitit. 2 minit 54 segonn pou delivre yon melodi ra.

What’s next ? : Yon pwopozisyon ki akse sou tandans afro. Li eksprime pozitivite, angajman, tenasite ak konba. “Dèfwa lè wout la danje / tan pou m ta tranble / Detèminasyon m ranje sa” ; “Nan tout sa w te echwe m aprann / Si m frape pòt sa li fèmen / M ap pran chans nan lòt la”. Nan mizik sa, se tankou s on boksè ki fin bat detwa piti, epi lo toujou santi l gen fòs pou bat lòt, epi l di what’s next? Se vwa yon konbatan. Ekspresyon yon vrè gèryè.

Kontra anile : Li kòmanse byen ak yon kout gita. Mizik sa enskri nan demach afro-rap, yon tandans Baky renmen anpil. Se vwa yon moun desi. Yon kè brize. Yon moun ki poko fin geri k ap eksprime degoutans li ak anpil penn. S on lanmou ki efase, ki anile kontra fizik ak emosyonèl, soti nan lavi pou rive nan fon lanmò.

Invincible : Yon pwolonjman de “what’s next”. Yon denonsyasyon de konplo ak atak pèsonèl atis la viktim. Yon pwopozisyon ekstrawòdinè sou tout fwon. Yon bèl maryaj ant chwa enstriman, rit, melodi ak pawòl. Nan fen an, nou ka idantifye yon tandans rara tou lejè sou bit la.

Lotto : Yon tablo powetik pou eksprime grandè lanmou. Atis la konpare egzistans patnè a nan lavi l tankou yon gany loto. Li itilize kèk lòt metafò ipèbolik tankou Kado (Menm lemond pa ase poum va ou / ki kado pou m bay yon kado). Mizik la fini ak yon solo kibòd konpa ki mete w sou yon atant.

24/7 : “m ka vin gen tout richès nan mond sa / yo youn p ap konte si m pa genyen w ladan” ; “Depi w la mwen beni, depi w la mond lan beni / vin plwaye w nan bra m, ann enjoy moman sa / Nenpòt sa k nan panse w la m ready”. Koulangyit, mizik la siprann ou touswit aprè nan refren an. An bon konpa, Baky lage asirans lan san manmote pou girl la. Pawòl yo fò. G on powèm k ap pale an silans. S on ti mizik poun voye bay boubout nou. Pou nou di l tout sa Baky gentan ekri pou nou yo.

Legend : Se konklizyon diskou a. Mizik sa se yon demonstrasyon atis la ap bay sou kapasite li, merit li yo ak siksè li. “M s on jeni nan mizik / m chante rap no limit / si g on moun anlè se mwen” ; “Ann avans ke letan / a ki jan w ka kanpe devan m / Pa pase a kote mete kran / Ou just s on ti foumi ki panse l elefan” ;

Pati ki ka siprann plis nan mizik la epi ki ka tounen mo pwen pou anpil moun repete :

“Men pou twofe m t ap antrene a / men ki karyè ke m tap kreye / Yo tout ta renmen kote m ye a / Poutanm pako menm kote m vle a”.

Se petèt byen pwobab nou t ap tann bif, repons, rap lari oswa rap san pran souf. Atis la chwazi mennen nou nan yon chan melodi ak amoni, pou nou kapab danse epi chante, lè mizik yo fin rele nou chè mèt, chè mètrès.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW