Connect with us

News

4 Gwo Kolaborasyon pou Albòm « Fenomèn » Mebel Brun an

Published

on

Mebel Brun devwale lis mizik ki sou premye albòm li an « Fenomèn », yon jou avan soti albòm nan. Gen 4 bèl tèt li kolabore ak yo sou albòm sa.

Nan 12 mizik ki sou pwojè sa, jèn chantè a kite plas pou 4 kolaborasyon. Chwa a stratejik paske li pa chwazi nenpòt ki atis pou « featuring » yo. Chwa yo mele talan ak notoryete, kouvèti lokal ak entènasyonal.

Pou premye kolaborasyon an, nou jwenn Lycinaïs Jean sou mizik « Pou ou » a. Se katriyèm mizik sou albòm nan. Mizik ki swiv li a se « M p ap bay vag », yon kolaborasyon avèk jèn rapè, Watson G.

Nan uityèm pozisyon sou pwojè sa, nou jwenn yo « feat » ak Wid, chantè ki chaje talan. Mizik sa pote tit « Jan w fè l la ». Dènye kolaborasyon an « Kibò ou ye », se ak Danola, yon talan pyès moun pa ka nye.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW