Connect with us

MUSIC

12 ERA / Rutshelle : yon albòm pou nou savoure ak moderasyon

Published

on

Nan dat 12 novanm 2025 lan, tout fanatik mizik fè rankont ak 12 ERA, tit nouvo albòm Rutshelle pote kòm kontribisyon pa li nan Endistri Mizik Ayiti a. Aprè 4 lane atant, atis lan pote 4èm albòm li, ki genyen ladan li 22 mizik ak 7 envite. 3 jou aprè, nou fin savoure chak mòso, travay la lage nou nan yon deni. Tankou se yon plato desè yo sèvi w ak yon latriye pwodui divèsiye. Chak mizik yo pote yon gou ekstrawòdinè e yo pa ba nou chans idantifye kiyès nan yo ki pi bèl oswa ki pi dous.

Aprè plizyè ekout, nou remake ke se pa yon albòm ou ka annik kouri sou yon mizik pou w di sa se hit oswa sa pi move. Aprè chak moso, w ap di tèt ou, si sa a pa pi bèl pase sa w t ap tande avan an. Tèm albòm lan pataje ant bonè santimantal ak melankoli (chagren lanmou, regrè, pèn…), se yon veritab dikotomi.  Rutshelle n ap viv la, s on atis ki kontinye ap pèfeksyone talan li, pwodiksyon li ak imaj li antanke yon pwòp deskripsyon li te fè nan « Je suis » sou albòm emosyon nan lane 2014 : « Mwen se zanfan pwodij vil mwen, dream come true fanmi m, anbasadris peyi m ak manman cheri pitit mwen an. Jounen jodi a, pandan rezo sosyal yo ap vale tèren, moun yo vin plis kwè nan listwa sensè ki ka ba itil yo kòm referans pou viv.

An nou f on kout pye nan albòm lan. De kisa mizik yo pale ? Kijan nou ka sezi albòm lan pi senp oswa pi vit ? Ki mizik nou ka itilize nan ki moman?

  • Albòm lan kòmanse ak Genèse. Yole Derose, youn nan vwa ki gen otorite nan sektè mizikal ayisyen an siyen yon sètifika diplòm ak apresyasyon li pou Rutshelle pou bay atis la lawout. Pou felisite li pou pakou li. Ajoute sou sa, yon lòt siyati ajoute nan mòso a ak Vwa Frantz Duval ki repete menm sa nou t ap di sou idantite Rutshelle ap vann nou an : Atis la, moun lan, manman an… Chèf redaksyon jounal « Le nouvelliste » la felisite Rutshellepou fason li rive marye tout detay sa yo nan lavi li pou li devni yon moun ekstrawòdinè.
  • Apresa, nou tonbe sou Good God, ki s on mòso gratitid. Soti nan « Good Girl » pou tonbe nan « Good God », gen rezilta yon bann cheminman ke atis la rele gras. Mizik sila, kretyen yo ap benefisye li ase kòm mwayen pou priye.
  • Answit, RG Band pwopoze “DGU / Don’t Give up”,yon mizik ki aliye sou estil konpa dirèk. Anpil tiktokè deja adapte videyo yo ak plizyè mòso ladan li. S on mizik motivan ak yon ton ki cho epi ki chaje vayb.
  • “Ou mechan”, ki videyoklipe ak yon senaryo inovan. S on mizik ki eksprime chagren lanmou. “Can get over you”, ki klase l nan mizik bonè yo. “You make me cry / you make me laugh / You make me feel like a woman / I just wanna hold you, squeeze you, touch you, love you” an bon kreyòl, atis la di “Ou fè m kriye / ou fè m ri / Ou fè m santi mwen fanm / M anvi sere w nan bra m, touche w epi renmen w”.
  • “Dyalòg” an kolaborasyon ak Jocelyne Beroard, yon gwo vwa nan mizik antiyèz la plis patikilyèman nan peyi Lamatinik. Se tout bon yon dyalòg ant yon ansyen ak yon nouvo jenerasyon fanm k ap diskite sou patnè. Rusthelle k ap mande Jocelyne si li te vrèman gen chans rankontre yon nom dous kou siwo epi ki te serye. Jocelyne envite nou pran kouraj pou anbwase rèv nou yo. Pou bay lavi a ak chwa nou ti kout men si tout fwa yo pa ta vle mache. Mizik sa ka itil jenn fi ki dezespere e ki panse tout bagay fini. Bay lavi w yon ti kout men. Kenbe lafwa.
  • « San ou », yon mòso powetik ak nanm pou eksprime yon lanmou espesyal.
  • “Mwen wè m nan ou”, yon lòt bèl mòso ki moutr fanm ka koutize gason san dlo nan bouch. “Si w di m wi / nou deja la / Cheri m ap tou ba ou l la / Pa vin dodine ou déjà wè / Se ou m vle, se ou m ye ».
  • “Sere m” an kolaborasyon ak Fanny J ki pote menm kout mak pwezi yo ak lanmou fò a. Mizik sa s on pwolongasyon « rete la ». Atis la mande pou patnè a renmen l san rezon, renmen l ak pasyon.
  • « Adikte » ogmante lis mizik ak pwezi yo. Pwezi santimantal pou eksprime yon foli damou san limit. « Se pa premye fwa m damou non / Se pa foli, ni dwòg, m pa fou / jan l kontwole lespri m, li anvayi m / Mwen adikte ». Mizik sa menm s on pwolongasyon « demoli ». Mwen di pwolongasyon pou m fè referans ak demach entètekstyalite ki lye de mizik yo. Kòm se menm atis la ki pwodui yo, nou oze pale de pwolongasyon. Kòmsi se ak menm moun lan li t ap pale.
  • Yon retou nan melankoli a ak « Lavi nou chifonnen ». Plim atis la pa pèdi yon yota nan sans imaj yo ditou. Rushelle se Dener Céïde mizik la. Mizik sa eksprime yon lanmou toksik. Si w konn s on repons ak Bradsoubradsa. Mesye a ap bay deran, fanm lan menm ap plenyen an menm tan l ap damou. « Lavni nou pwazonnen / Demen nou pa sèten / Anplas n ap patinen / sou kont desten » ; « Ou mèt pouse mwen / Nan je m w ap toujou gen rezon » ; « Lavi nou chifonnen / Li mande repase / Relasyon n ap trennen / Li mande repanse ».
  • « Twilight » ak Wyclef Jean, pou mete vayb nan kay la ak nan fèt yo. Wyclef pwofite pasaj li nan mizik sa pou ekspoze talan rapè-vokalis li a ak anpil tak. G on epòk, nou te timoun, n ap tande radyo One ak Planèt kreyòl, mizik sa a t ap pete plafon anpil.
  • « Chanje » pou konplete mizik « Lavi chifonnen an » : « Ki dènye fwa ou gade m nan je / Menm gou bouch ou mwen pa ka sonje / Menm nan panse nou pa karese  / Se pa ou m te renmen / Mwen di ou chanje »
  • « Kè m kraze » youn nan mizik ki pi sansib sou albòm lan. Premye pati a pa ba nou chans pou di anyen mal. Pwezi, melodi, vwa, emosyon ak senfoni.
  • « Kole » menm jan ak « mwen wè m nan ou” epi “sere m”, atis la pwouve li s on fanm ki asime kategorikman sa li vle viv yo atravè ekspresyon li yo. « N ap kite de je n fèmen, se senti n k ap dyaloge nan plas nou ».
  • « 2 pye m mare » se youn nan plizyè lòt fason atis la eksprime melankoli li. Mizik la komanse an yon djalòg ant atis la ak zòrye li. Yon estil ki trè literè ke yo rele pèsonifikasyon. Zòrye a petèt pa gen zòrèy pou li tande ak bouch pou li reponn, men, atis la omwen jwenn yon fason pou chante doulè li yo. « Sèl ou m gen pou m pale / Lè bagay yo mare / Ou tande mwen / San jije mwen / Sèl ou k pa janm bouke / Ak istwa repete / Lè l twonpe mwen / maltrete mwen ». Mizik sila sèvi yon opsyon tou pou denonse maltretans nan relasyon santimantal. Mòso sa a rekonfime ekspresyon ki anndan « Lavi nou chifonnen » yo. W ap soufri, w ap damou.
  • « Stay » featuring Salatiel, se toujou menm listwa a. Lanmou toksik ak anpil endepandans afektif. Salatiel ki te kolabore deja ak Rutshelle sou dènye albom li an rive konkretize yon lòt kolaborasyon. Yon bèl mòso nan menm rejis ak mizik Wyclef sou li a.
  • « Mirak » se yon gwo tounan nan albòm lan. Mizik sa repran souf kite kanpe nan adikte a. Mizik sa se prefere m. Li gen pwezi, li gen sansiblite, li gen travay atistik, li gen vwa ak prezans. “Ou f on mirak / Ou libere yon kè m kondane / m di k pap janm renmen / Ou kraze miray la / Ou retire mit tout dout ki fè m konprann love pa egziste pou mwen ankò ». Mizik sa, mwen fin tande li, mwen tou voye li pou menaj mwen. Mizik sa g on varyasyon nan mitan li ki bay fremisman. Mèsi atis !
  • « Tag li » yon mizik fawouch pou nèg ki pa kanpe sou anyen, sa vle di ki pa gen bann. Medam yo ap revandike dwa pou yo « vini ». Bamby bay yon bèl enpresyon ak pasaj li. Mwen panse li dwe fè nou tande li pi souvan nan kolaborasyon konsa ak lòt atis. Antouka mesye sispann fè bouch medam yo long.
  • « Distans » se yon lòt bèl mòso pwezi nou pa merite tande men atis la fè nou gras. Mizik sa pwouve kijan Rutshelle ap sibi yon lanmou ak fòs nan demach literè li yo. Byen souvan, nanm nou eksprime sa li egzateman santi. « M anvi wè w ankò / Pa rete deyò / Baby, I want you back” ;
  • « Determinée » ki te reprezante soti albòm lan. Nou te deja di sa nou panse sou li deja. N ap jwenn li nan lyen sa a : Rutshelle toujou detèmine – KONPAEVENTS
  • « Tolere w » ki se dènye kolaborasyon Rutshelle ak Kaï (vwa Richard Cavé) enskri an albòm sila a. Nou ekri sou li deja, ou kapab li li nan lyen sa : Rutshelle ak Richard Cavé tounen ankò – KONPAEVENTS.

Alafen, nou sot pakouri yon albòm ekstrawòdinè ki travay ak pasyon epi respè pou zòrèy nou. Nan fason mizik yo moute, atis la ak ekip li vle fè nou konprann lavi a souvan vini ak yon altènans inevitab : moute/desann ; byen/mal ; vire/toun ; renmen/kite ; kriye/kontan. Albòm sila s on bèl zèv nou ta dwe konsome ak moderasyon. Pran san nou pou enjoy chak mizik, chak pasaj ak chak detay.

 

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Konpaevents 2025

FREE
VIEW